Accessibility links

Breaking News

Otorite Ayisyen yo  Anonse 4 Mezi Pou Bare Fyèv Pòsin nan


Ministè Sante Piblik, Ministè Agrikilti, Oganizasyon Mondyal Sante, OMS, adopte yon seri mezi yo di yo pral aplike san pèdi tan pou anpeche popilayson ayisyèn nan trape fyèv pòsin nan.

Nan yon entèvyou li bay Lavwad'lamerik apre rankont li sòt genyen avèk sektè konsène yo jou 27 avril la, minis Santé Publik ayisyen an, Alex Larsene, fè konnen jiska prezan, responsab sante yo nan peyi a pa ko anrejistre ankenn ka fyèv pòsin.

Minis Larsene di otorite ayisyen yo pral ranfòse yon strikti karantèn nan pò, ayewopò ak sou fwontyè peyi a. Yo pral lanse yon kanpay enfòmasyon kap disponib sou sit entènèt Ministè Agrikilti a, www.agriculture.gouv.ht, Ministè Sante Piblik la, www.mspp.ht, Biwo Primati a, www.primature.gouv.ht ak Òganizasyon Mondyal Sante, www.who.int ;

Pou sa ki konsène dyagnostik yo, mesye Larsene fè konnen Ministè Sante piblik pral pran kontak avek kèk laboratwa Okanada, Ozetazini ak nan Giyann fransèz.

Minis sante a mande popilasyon an evite ale o Meksik. Mesye Larsene deklare «tout vwayajè ki sot o Meksik yo dwe enfòme biwo karantèn nan. » An fin, Ministè Sante Piblik di li pral lanse yon kanpay ijyèn nan radyo ak televizyon.

Prezidan Asosiyasyon Medikal Ayisyèn nan, Dr. Claude Surena, bò kote pa l', mande Ministè Sante Piblik pran tout dispozisyon pou l' jwenn medikaman yo rele "Tamiflou a" sizoka fyèv pòsin nan ta antre sou teritwa ayisyen an.

jleroy@voanews.com

Klike sou ralonj la an wo a dwat ekran odinatè a pou n' koute deklarasyon minis sante ayisyen an

XS
SM
MD
LG