Accessibility links

Breaking News

2èm Jounen yon Eleksyon Prezidansyèl nan Peyi Lejip


Eleksyon prezidansyèl 2 jou ki te kòmanse dewoule mèkredi 23 me 2012 la nan peyi Lejip, ap kontinye pandan jounen jedi a. Nan kous elektoral sa a, pi fò candida yo se, yon kote, òm politik islamis epi, yon lo}t kote, kandida ki gen bon jan lyen ak rejim ansyen Prezidan Hosni Mubarak la.

Pou 2èm jou eleksyon an, gouvènman an dekrete yon jounen konje nasyonal pou bay elektè yo plis tan pou yo ale nan biwodvòt yo. Sepandan korespondan Lavwadlamerik nan Lekèr, Elizabeth Arrot, fè n konnen patisipasyon an sanble li pi ba nan kapital la jounen Jodi a, 2èm e dènye jou vòt la.

Elizabeth deklare:

“Patisipasyon an sanble pi ba pa rapò ak jounen yè a. Yon biwodvòt nou te vizite yè maten nan menm lè a, te genyen moun nan liyn ki te rive jous nan kwen lari a. Jodiya, se yon ti ponyen moun nou wè la. Se pa bann e pa pakèt elektè yo te sòti nan jounen yè a ; alòs, nou ka prevwa patisipasyon an ap pi ba Jodi a.”

Obsèvatè ki sou plas pou swiv dewoulman eleksyon an fè konnen, pou jounen mèkredi a, tout bagay te pase jeneralman nan lapè nan moman plizyè milyon sitwayen ejipsyen te mete yo nan liyn nan yon eleksyon ki, san di pètèt, pral debouche sou chwa premye sivil kap monte sou pouvwa a nan Lejip nan 60 tan pou fòme yon gouvènman ki pap gen apui lame, men kap repoze pito sou volonte pèp la.
XS
SM
MD
LG