Nan peyi Lejip, elektè yo ap jete bilten mèkredi 23 me 2012 la nan yon eleksyon prezidansyèl istorik ki make kòmansan faz final yon tranzisyon politik ki te lakoz ranvèsman Prezidan Hosni Mubarak ki te pase lontan sou pouvwa a.
Genyen 12 kandida nan kous elektoral la pou wè ki lès nan yo ki pral tounen premye prezidan ejipsyen aprè yon seri de mouvman pwotestasyon popilè te debouche sou demisyon misye Mubarak nan lane 2011 la.
Anviwon 50 milyon ejiipsyen gen dwa vote nan eleksyon sa a kap dire 2 jou. Pami yo genyen Nagib Sawiras ki pale pou l di, kontrèman ak jan sa te konn fèt nan yon pase resan, li kontan jounen jodi a li gen yon chans pou l chwazi lidè peyi li.
Misye Sawiras deklare:
"Se premye eleksyon lib nou genyen nan peyi a depi ane 1952; se tout moun ki kontan poutèt finalman nou kapab fè yon chwa; e mwen espere yo pral respekte chwa ak opinyon nou lè rezilta yo va parèt. Mwen espere rezilta yo se va yon veritab pwosesis demokratik nan peyi a."
Gen anpil kandida ki byen plase pou make bèl pwen nan kous prezidansyèl sa a. 2 nan yo te travay nan kabinè ministeryèl ansyen Prezida Mubarak la nan yon epòk oubyen yon lòt. Youn nan yo se Amir Moussa ki te okipe plas minis afè etranjè sou ansyen rejim nan.
Misye Moussa pwomèt l ap retabli estabilite nan Lejip epi enstale yon gouvènman ki pap enpoze Lislam kòm relijyon sou sitwayen yo. Ansyen chèf diplomasi ejipsyèn nan deklare:
“Mesaj mwen pou Ejpsyen yo, sè ke jounen jodi a se yon gran jou, se yon gwo jou, se yon jou desizif. Mwen espere yo va fè chwa ki kòrèk la, yo va chwazi yon prezidan ki va kakab vrèman wete Lejip nan kriz lap travèse a.”
Obsèvatè yo pa atann yo aske yon kandida ranpòte yon viktwa absoli nan eleksyon sa a. Se konsa komisyon elektoral ejipsyen an deja prevwa yon 2èm tou ki gen pou dewoule nan dat 16 ak 17 jen k ap vini la a.