Accessibility links

Breaking News

Dosye A$AP Rocky: Kèk Pami Moman Pi Ekstraòdinè yo


Chantez Rihanna kite Sant Jistis Clara Shortridge Foltz la nan Los Angeles, 31 Janvye 2025.
Chantez Rihanna kite Sant Jistis Clara Shortridge Foltz la nan Los Angeles, 31 Janvye 2025.

Gen plizyè bagay ekstraòdinè ki pase pandan pwosè rapè A$AP Rocky nan Lòs Angeles.

Sipèsta Rihanna fè premye vizit li nan tribinal la sa ki te soulve anpil atansyon.

Gen 2 pami avoka yo ki tonbe joure youn lòt tèlman jij la entèdi yo pale eksepte pou sa ki gen pou wè ak pwosè a. Yo te kontinye goumen kanmenm.

Jij la di manman akize a li bel a mò.

Vedet hip-hop Rocky plede non koupab a 2 chef akizasyon pou krim lajistis pote kont li kote yo akize l de atak ak zam semi-otomatik. Misye taka pase 24 an nan prizon si yon jiri jwenn li koupab.

Temwayaj nan pwosè a sipoze dire jiska semèn pwochèn.

XS
SM
MD
LG