Accessibility links

Breaking News

Tanpèt Geomayetik Ozetazini


American Whales Climate Change
American Whales Climate Change

Sèvis Meteo te prevwa sa ki rele yon tanpèt geomayetik ki t ap la jiska jodi lendi a, kote yo di se yon eksplozyon sa ki rele plasma ki soti nan yon tanpèt chalè solèy la ki ka deranje transmisyon radio sou Tè a. Li ka ofri tou yon gwo espesktak ke moun ka gade.

Pa gen rezon pou piblik la enkyete, dapre anons la ki soti nan Sant Prediksyon Meteo pou Lespas nan NOAA ki tabli nan vil Boulder nan eta Colorado.

Tanpèt la ka entèwont transmisyon rado wot frekans tankou lè avyon ap chache kominike ak tou kontwolè trafik yo. Pifò avyon komèsyal yo ka sèvi ak transmisyon satelit kòm derechanj, se pawol Jonathan Lash, ki se ajan meteo nan sant la.

XS
SM
MD
LG