Accessibility links

Breaking News

Michael, yon Siklòn Kategori 4, Ap Pwoche sou Kòt Wès Eta Florid


Yon foto atelit ki montre Siklòn Michael (nan mitan foto a) pandan li t ap deplase nan Gòlf Meksik la madi 9 oktòb 2018 la vè 3:17 p.m., lè Miyami ak Pòtoprens. (Foto NOAA).
Yon foto atelit ki montre Siklòn Michael (nan mitan foto a) pandan li t ap deplase nan Gòlf Meksik la madi 9 oktòb 2018 la vè 3:17 p.m., lè Miyami ak Pòtoprens. (Foto NOAA).

Ozetazini, Siklòn Michael ap avanse sou pati sid Eta Florid byen bonè mèkredi 10 oktòb la nan moman l ap deplase sou dlo cho ki nan Gòlf Meksik la, sa ki pèmèt li pran fòs rapidman. Daprè espesyalis tan yo, Michael deja tounen yon siklòn katego 4 avèk van k ap soufle ak yon fòs 201 kilomèt a lè (swa 125 mile a lè) e gwo move tan an ka konsève fòs a a lè li va touche tè nan mitan jounen an. Se pozisyon Jack Beven, yon previzyonis wo-plase nan Sant Nasyonal Siklòn Lèzetazini an ki baze nan Miyami. Misye Beven deklare:

"Nou atann nou aske gen gwo vag lanmè tou patou sou tout kòt Florid la, sitou nan zòn Bè Apalach la. Siklòn nan pral touche tè yon ti kras a-lès zòn sa a. Gwo vag lanmè yo kapab pwovoke inondasyon paske yo ka monte rive nan yon wotè ant 9 e 13 pye, swa ant 2 a 4 mèt konsa plis ke nivo sòl la; tandiske nan kèk lòt gwo rejyon sou kòt Florid la, lanm lanmè yo pral monte disèt wòtè, pi presizeman jiska 6 ak 9 pye pi wo ke nivo sòl la."

Tropical Weather
Tropical Weather

Otorite yo nan Florid fè konnen yo te deja pase anviwon 350 mil moun k ap viv tou patou sou zòn Gòlf la nan eta a, lòd pou yo deplase ale lòt kote. Nan zòn kote yo pa pase moun yo lòd sa a, yo ba yo konsèy pou yo deplase.

Sepandan, otorite yo gen kè-sote pou kèk moun pa fè tèt di, pa meprize lòd la oubyen konsèy la; konsa yo ka rete lakay yo epi yo pa p gen tan deplase anvan siklòn nan rive sou kòt la anvan li antre anndan tèritwa Florid la.

XS
SM
MD
LG