Accessibility links

Breaking News

Biden Pran Direksyon Wès Etazuni pou Rankontre Elektè Latino yo


Prezidan Joe Biden pale pandan yon resepsyon nan lone Mwa Istwa Fanm yo nan Lamezonblanch, 18 Mas, 2024.
Prezidan Joe Biden pale pandan yon resepsyon nan lone Mwa Istwa Fanm yo nan Lamezonblanch, 18 Mas, 2024.

Prezidan Joe Biden pral mennen kanpay pandan 3 jou nan rejyon wès Etazini - sa Ameriken yo rele "Senti Solèy la". Vizit la gen kòm objektif pou rankontre elektè Latino Ameriken ki te bay kowalisyon li yon gwo bourad an 2020.

Biden pral fè eskal nan Nevada, Arizona ak Texas. Vizit la ap kowenside Madi ak piblisite kanpay li pibliye an Angle, Espayòl ak "Spanglish" (yon melanj angle ak espayòl). Li pral bay stasyon radyo Espayòl yo 2 entèvyou tou.

Vizit la ap mete aksan sou pozisyon Biden pran pou apiye sendika yo epi dwa pou medam yo fè avòtman.

Kanpay Demokrat la santre sou kominote Latino a kòm youn nan pi gwo jefò lap fè pou retabli yon enfrastrikti pou angaje dives gwoup elektè ke kanpay re-eleksyon Biden nan konsidere kòm kle.

XS
SM
MD
LG