Accessibility links

Breaking News

Avoka Donald Trump Ap Travay Pou Mande Anile Dosye Kriminèl Federal Li nan Florid


Ish presidenti Donald Trump gjatë një vizite në selinë e CIA-s në vitin 2017
Ish presidenti Donald Trump gjatë një vizite në selinë e CIA-s në vitin 2017

Avoka Donald Trump yo ap pare pou mande yon jij federal jodi jedi a anile dosye kriminèl federal ki akize li kòmkwa li te kenbe ilegalman dokiman sekrè gouvènman an, e yo di se lalwa ki te bay Trump dwa pou li kenbe dokiman yo lè li t ap kite Mezon Blanch.

Seyans depozisyon an nan Fort Pierce nan eta Florid, se dènye chans ke Trump ap pran pou chache deraye 4 akizasyon kriminèl ki sou do li pandan li ap mennen kanpay kòm kandida Repibliken ki defye Prezidan Demokrat Joe Biden nan eleksyon 5 Novanm yo nan Etazini.

Pwoblèm legal Trump pa jennen avans li nan politik, e li sot asire nominasyon prezidansyèl li pou pati Repibliken an, semenn sa a. Jodia, sipòtè li yo te rasanble devan tribinal la, kote yo t ap souke drapo epi bat bravo pandan yon kòtèj t ap antre nan yon pòtay sekirite.

XS
SM
MD
LG