Accessibility links

Breaking News

Lamezonblanch: Responsab Etazini Rete an Kontak Sere-Sere ak Wo Responsab Ayiti sou Sityasyon Peyi a


Foto Achiv: Pot Pawol Konsey Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, John Kirby pale ak jounalis yo nan Washington.
Foto Achiv: Pot Pawol Konsey Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, John Kirby pale ak jounalis yo nan Washington.

Pòt pawòl Konsèy Nasyonal Sekirite Lamezonblanch la, John Kirby, fè konnen "responsab wo plase gouvènman Ameriken an rete an kontak sere-sere ak responsab wo plase gouvènman Ayisyen an ak manm kominote entènasyonal la pandan wikenn nan pou eseye ede stabilize sityasyon an."

Kirby di jounalis yo pandan yon konferans pou laprès nan Lamezonblanch Lendi ke "Etazini ap travay ak patnè entènasyonal yo pou dispoze tou suit sipò pou polis nasyonal Ayiti epi deplwaye pi vit posib misyon sipò sekiritè miltinasyonal ki pral ede retabli sekirite, yon bagay ki ijan."

Kirby reitere ke "sèl fason Ayiti ka fe pwogre se atrave eleksyon lib e onèt."

Li ajoute: "Ansanm ak patnè Ayisyen nou yo, nou kontinye pran angajman vizavi yon tranzisyon pouvwa de premye minis aktyèl la a premye minis pèp la va chwazi vizavi eleksyon lib e onèt sa yo."

Kirby di Premye Minis Ariel Henry dako ak sa, e ke Etazini pral fè l respekte pawòl li.

Li kontinye pou di "Nou ankouraje tout aktè yo pou yo mete pèp Ayisyen an an premye, sispan vyolans la epi fè konsesyon ki nesesè pou Ayiti ka gen gouvènans enklisiv, eleksyon lib e onèt epi retablisman demokrasi."

Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Anita Powell, kontribye a repòtaj sa a

XS
SM
MD
LG