Accessibility links

Breaking News

Larisi di li Pran Kontwòl vil Avdiivka Konplètman


A view shows Avdiivka coke plant
A view shows Avdiivka coke plant

KYIV, Ikrèn (AP) — Lame Ris di fòs li yo te fini pa pran kontwòl vil Avdiivka apre yo te rive elimine dènye rezistans ke fòs Ikrenyen yo tap fè nan zonn nan.

Anons la fèt lendi apre fòs Kyiv yo te oblije kouri kite vil la nan wikenn nan paske yo pa te ka goumen ankò devan gwo kantite twoup Larisi yo ki te depase kapasite yo, e ki te gen pi gwo zam.

Fòs Ikrenyen yo konfime ke yo te wete kò yo nan vil la ke Larisi te bonbade ak raj nan sa ki reprezante yon triyonf pou Kremlin an menmsi batay yo ki te dire kat mwa a te koute chè.

Viktwa a ogmante moral Larisi, kèk jou anvan 2yèm anivèsè envazyon kay vwazen li a 24 fevriye 2022.

Pou Ikrèn, pèt la moutre klè ke kapasite li pou batay depann de zam ak minisyon ke alye li yo nan loksidan voye ba li.

XS
SM
MD
LG