Accessibility links

Breaking News

Yon Enfòman FBI Tonbe Anba Akizasyon pou Manti Li Bay sou Relasyon Biden ak Pitit li, Hunter


Hunter Biden, pitit gason Prezidan Joe Biden, pale ak jounalis yo nan lakou Capitol la nan Washington, 13 Desanm 2023.
Hunter Biden, pitit gason Prezidan Joe Biden, pale ak jounalis yo nan lakou Capitol la nan Washington, 13 Desanm 2023.

Yon mesye ki te konn bay FBI enfòmasyon tonbe anba akizasyon pou manti ke li ta bay patwon li sou relasyon ke Prezidan Joe Biden ak pitit gason li Hunter ta gen ak yon konpayi enèji nan Ikrèn.

Alexander Smirnov te di ajan FBI an Jen 2020 ke dirijan ki te asosye ak konpayi enèji Burisma nan Ikrèn te peye Hunter ak Joe Biden $5 milyon yo chak an 2015 oubyen 2016, dapre sa avoka akizasyon gouvènman yo di ayè jedi a.

Smirnov te di FBI ke yon dirijan Burisma te fè konnen li te anplwaye Hunter Biden pou papa Hunter te ka pwoteje yo

kont tout kalte pwoblèm, dapre avoka akizasyon yo. Li te gen pou li prezante nan tribinal nan Las Vegas, kote li te jwenn arestasyon li mèkredi a apre li te retounen soti nan yon vwayaj nan peyi etranje.

Si li jwenn kondanasyon, li ka tonbe anba yon santans jiska 25 lane prizon.

XS
SM
MD
LG