Accessibility links

Breaking News

Hunter Biden Fè yon Vizit Sipriz nan Kongrè a


Hunter Biden, pitit gason Prezidan Joe Biden, kite odisyon Komisyon Siveyans Lachanm Depite Etazini, kote yap diskite sou yon rezolisyon pou akize l de outraj nan Kongre a, 10 Janvye, 2024.
Hunter Biden, pitit gason Prezidan Joe Biden, kite odisyon Komisyon Siveyans Lachanm Depite Etazini, kote yap diskite sou yon rezolisyon pou akize l de outraj nan Kongre a, 10 Janvye, 2024.

Hunter Biden soulve anpil pale anpil pami politisyen yo nan Washington apre li parèt sanzatann nan premye ranje yon odisyon Lachanm Depite oganize pou diskite sou posibilite pou yo ta akize l ofisyèlman de outraj nan Kongrè a.

Komisyon Siveyans ak Jidisyè Lachanm pral vote Mèkredi sou rezolisyon ki ta akize pitit gason Prezidan Joe Biden nan apre li pat okipe demann yo te fè pou l konparèt devan yo.

Nan pale li te fè devan sal odisyon an ak jounalis yo apre li te kite sal la, avoka Hunter Biden nan, Abbe Lowell akize Repibliken komisyon an dèske yap jwe yon jwèt politik.

Hunter Biden, pitit gason Prezidan Joe Biden, ak avoka li Abbe Lowell, chita nan premye ranje a pandan odisyon Komisyon Siveyans Lachanm Depite a nan Washington, 10 Janvye 2024.
Hunter Biden, pitit gason Prezidan Joe Biden, ak avoka li Abbe Lowell, chita nan premye ranje a pandan odisyon Komisyon Siveyans Lachanm Depite a nan Washington, 10 Janvye 2024.

Abbe Lowell se avoka Hunter Biden:

" Depite Comer te ofri moun tankou Hunter opsyon pou yo swa asiste odisyon an oubyen temwaye nan yon odisyon piblik. Hunter te chwazi fèl piblikman pou anpeche Repibliken yo manipile oubyen itilize sa li di nan odisyon an. Yo te chwazi vag sou repons li epi pwouve ke yo pa enterese nan verite sel sa ki enterese yo e map site se 'chanje sipo politik la' ki se sa Depite Comer konfese se vre objektif li. Depite Repibliken ki prezide odisyon jodia ap avanse yon rezolisyon ki pa gen presedan pou akize yon moun de outraj malgre li te ofri pou l reponn piblikman tout kestyon yo. Kestyon mwen pou yo se - kisa yo krenn?"

Repibliken yo te mande Hunter Biden vinn temwaye dèyè pot fèmen nan mwad Desanm lan, men misye te ba yo vag - li te ensiste sèl fason pou l temwaye se si yap fè l piblikman.

Sa ki vekse Repibliken yo pi plis Mèkredi se ke malgre Hunter Biden te prezan li pa temwaye. Li te fè yon deklarasyon pito bay la près devan sal odisyon an.

Si komisyon yo apwouve rezolisyon yo - jan anpil moun atann - tout depite Lachanm yo pral oblije vote sou yo.

Si tout manm Lachanm yo apwouve rezolisyon ki akize Hunter Biden de outraj, Depatman Jistis Etazini va oblije deside si li pral mennen pwosè kont misye pou sa.

XS
SM
MD
LG