Accessibility links

Breaking News

Hunter Biden Defye Asiyasyon Repibliken Kongrè a


Hunter Biden, pitit gason Prezidan Joe Biden, pale ak jounalis yo nan lakou Capitol la nan Washington, 13 Desanm 2023.
Hunter Biden, pitit gason Prezidan Joe Biden, pale ak jounalis yo nan lakou Capitol la nan Washington, 13 Desanm 2023.

Repibliken yo di Hunter Biden nan pi gwo pwoblèm kounyea, apre li deside defye asiyasyon kongrè a pou l konparèt devan yon gwoup anketè an prive pou reponn ki gen pou wè ak biznis li.

Pandan yon parèt li te fè devan Capitol la Mèkredi, Biden ensiste li pral temwaye sèlman an piblik.

Depite James Comer ki reprezante Kentucky nan Lachanm epi Depite Jim Jordan ki reprezante eta Ohio, di yo pral kòmanse travay sou yon pwosesis pou akize Hunter Biden de mepri poutèt li pa vle kowopere avè yo.

Pitit prezidan Demokrat la rete Kalifòni e li te vwayaje Washington pou temwaye nan yon odisyon piblik.

Hunter Biden di Repibliken yo pa vle yon pwosesis ki transparan e ki pèmèt pèp Ameriken an "wè taktik yo" epi "ekspoze ankèt yo a kòm san fondman."

XS
SM
MD
LG