Accessibility links

Breaking News

Lajistis Etazini Akize Hunter Biden pou Krim Federal ki Gen pou Wè ak Peman Enpo


Foto Achiv: Pitit gason Prezidan Joe Biden nan, Hunter Biden, kite tribinal la nan Wilmington, Delaware, 26 Jiye, 2023.
Foto Achiv: Pitit gason Prezidan Joe Biden nan, Hunter Biden, kite tribinal la nan Wilmington, Delaware, 26 Jiye, 2023.

Hunter Biden, pitit gason Prezidan Joe Biden, ap fè fas ak 9 chèf akizasyon nan eta Kalifòni an koneksyon ak peman lajan enpo. Yon Mèt Espesyal ap mennen ankèt sou biznis pitit gason prezidan an nan moman kanpay prezidansyèl Biden nan ap chofe pou 2024.

Nouvo akizasyon yo gen ladann 3 deli ak 6 enfraksyon - ki vinn ajoute sou akizasyon dèske li te posede yon zam a fe nan Delaware ke lwa federal entèdi pou moun ki konn abize dwòg. Lajistis akize Hunter Biden dèske li te vyole lwa peyi a lè li te posede zam a fe an 2018.

Hunter Biden te deja plede koupab ak enfraksyon ki gen pou wè ak lajan enpo li pat peye, nan antant li te fè ak avoka akizasyon yo ki te di li pat janm peye enpo sou $4 milyon lajan li te antre an 2017 ak 2018. Avoka defans yo siyale yo pral konteste tout nouvo akizasyon yo ta lage sou do Hunter Biden.

Antant li te fè a te vinn bwè luil nan mwad Jiyè a apre yon jij te soulve plizyè kestyon. Repibliken yo kritike antant la tou - pandan yap mennen ankèt sou tout aspè biznis misye. Depatman Jistis Etazini ap mennen ankèt pa li sou Hunter Biden tou.

Repibliken nan Kongrè a ap chache mete ann akizasyon Prezidan Joe Biden pou fòse l kite pouvwa a. Yo akize l dèske li te nan konfyolo ak pitit gason li pou sèvi ak enfliyans li pou ede biznis li. Lachanm ta sipoze vote sou kestyon ankèt sou miz an akizasyon an ofisyèlman semèn pwochèn.

Malgre gen anpil kestyon kap poze sou etik biznis entènasyonal fanmi Biden nan, yo poko jwenn okenn prèv jiskaprezan ki montre ke Joe Biden antanke prezidan, ni anvan li te vinn prezidan, te abize wòl li oubyen aksepte lajan anba tab.

XS
SM
MD
LG