Accessibility links

Breaking News

Hunter Biden Plede non Koupab kont Twa Akizasyon Federal pou Zam


President Joe Biden's son Hunter Biden arrives for a court appearance, in Wilmington, Delaware, Oct. 3, 2023.
President Joe Biden's son Hunter Biden arrives for a court appearance, in Wilmington, Delaware, Oct. 3, 2023.

WILMINGTON, Del. (AP) — Hunter Biden plede non koupab nan Delaware pou twa akizasyon federal ki konsène zam afe, nan yon dosye ki ouvè kont li apre yon antant ki te kraze, e ke yo te jwenn deja kòm solisyon pou yon ankèt ki te la depi lontan.

Repons rezidan Kalifòni an pou akizasyon tribinal la pare teren pou li al nan yon posib jijman an 2024 pandan Prezidan Joe Biden ap nan kous pou reeleksyon.

Yo akize pitit gason prezidan Demokrat la kòmkwa li te bay manti kote li te kache ke li te konn pran dwòg an 2018 lè li t ap ranpli papye pou achte yon zam li te kenbe pandan apeprè 11 jou.

Li ka tonbe anba santans jiska 25 ane prizon si li jwenn kondanasyon. Yon jij te mande Hunter Biden si li konprann akizasyon ki sou do li yo, epi Biden te reponn: "Wi, Onorab."

XS
SM
MD
LG