Accessibility links

Breaking News

Konseye Lamezonblanch Juan Gonzalez ap Kite Administrasyon Biden nan


Juan Gonzalez, konseye wo plase Prezidan Biden sou kestyon sekirite nasyonal ki gen rapò ak emisfè Oksidantal la, pandan yon entèvyou ak VOA Espayòl.
Juan Gonzalez, konseye wo plase Prezidan Biden sou kestyon sekirite nasyonal ki gen rapò ak emisfè Oksidantal la, pandan yon entèvyou ak VOA Espayòl.

Juan Gonzalez, Konseye Espesyal Prezidan Joe Biden sou Zafè ki Gen Rapò ak Emisfè Oksidantal la pral kite pòs li nan mwad Mas la. Ekspè yo dekri l tankou yon pwomotè "esansyèl" diyalòg epi antitèz (le kontrè) prezidans Ameriken ki te vini anvan an pa rapò ak politik yo vizavi peyi tankou Venezyela.

Juan Sebastian Gonzalez, se konseye Lamezonblanch sou Amerik Latin nan ki gen plis enfliyans. Lap kite pòs li nan mwad Mas la apre li finn pase 3 zan ap trase yon chimen diyalòg ant Prezidan Joe Biden ak rejyon an. Pami pwojè li yo genyen ka ki te poze gwo defi pou Washington, tankou pa egzanp sityasyon Venezyela, dapre sa ekspè yo di.

Misye te pran nesans nan Cartagena, Kolonbi an 1976. Li natiralize Ameriken. Misye ap travay kòm konseye nan Konsèy Nasyonal Sekirite a sou kestyon Emisfè Oksidantal la. Lap akonpaye Prezidan Biden nan wòl sa a depi Biden te vis prezidan.

Pa gen okenn pèsonaj ki pi santral nan kestyon pwomouvwa vizyon Prezidan Biden pou Amerik yo ke Juan. Se sa Jake Sullivan, konseye Lamezonblanch sou sekirite nasyonal di VOA Mèkredi lè li tap konfime depa manm kabinè prezidansyèl la.

Gonzalez responsab pou entèraksyon ant diplomasi Amerikèn nan ak Amerik Santral la, epi Karayib la. Li responsab tou pou aplikasyon politik Etazini nan pei sa yo, dapre sa ki nan pwofil ofisyèl li sou sit Depatman Deta a.

Misye te konseye espesyal Biden sou kestyon kontinan an ant 2013 ak 2015, pandan vis prezidans li anba administrasyon ansyen Prezidan Barack Obama.

Pandan plizyè zane Biden te konte sou "konsèy pwofon, ekspè ak kreyativ" pou veye lidèship Etazini nan rejyon an, dapre sa Sullivan di.

Pami kontribisyon li yo gen "relasyon pi pwofon ak patnè tankou Brezil ak Meksik" ekspansyon kowoperasyon ekonomik ak peyi tankou Kosta Rika ak Chili epi avansman politik enèjetik avanse nan Karayib la.

Analis politik wo plase Geoff Ramsey ki travay pou enstitisyon The Atlantic Council di VOA, enfliyans Gonzalez jwe yon wol fondamantal nan bon relasyon ant Etazini ak lidè rejyonal yo tankou Andres Manuel Lopez Obrador - prezidan Meksik, Gustavo Petro nan Kolonbi, epi Luiz Inacio Lula da Silva nan Brezil.

"Li tap difisil pou Etazini gen relasyon pwodiktiv ak lidè tankou Lula, Petro ak Lopez Obrador si se pat pou jefò Gonzalez yo," Ramsey deklare.

XS
SM
MD
LG