Accessibility links

Breaking News

Responsab Lamezonblanch, Depatman d'Eta Bay Detay sou Somè Dèz Amerik yo


Asistan Sekrete Deta pou Zafe Emisfe Oksidantal yo Brian Nichols pale pandan yon konferans de pres nan Anbasad Ameriken Potoprens, 1 Oct. 2021.
Asistan Sekrete Deta pou Zafe Emisfe Oksidantal yo Brian Nichols pale pandan yon konferans de pres nan Anbasad Ameriken Potoprens, 1 Oct. 2021.

Lamezonblanch ak Depatman d’Eta organize yon rankont ak jounalis ki kouvri emisfè oksidantal yo pou bay kèk detay sou sij è ki pral diskite pandan Somè dèz Amerik la.

Juan Gonzalez, asistan espesyal Prezidan Joe Biden ak responsab pi wo plase Konsey Nasyonal Sekirite a pou kestyon Emisfè Oksidantal yo di yo pral travay sou 5 tèm an patikilye.

Yo se: Ekonomi, Sante, Sekirite, Sekirite Alimant è epi Kriz Migrasyon an.

Dapre Gonzalez, Prezidan Biden kwè konvesasyon pèsonèl ant diferan lidè yo ka ede yo fè pwogrè epi kole tèt ansanm pou fè fas ak defi sa yo.

Gonzalez di tout kestyon sa yo afekte entere nasyonal Etazini.

Anski konsène Ayiti, Sekrete d’Eta Adjwen pou Zafe Emisfe Oksidantal yo, Brian Nichols di yo pral konsantre sou aksè a swen sante, apwoch yo ak kestyon ekonomik yo, migrasyon, demokrasi ak pwosesis elektoral la.

Nichols di angjman Etazini reyalize fok li fe plis pou apiye epi kominike ak Ayiti.

Jounalis yo te poze anpil kestyon pa rapo ak peyi ki pa resevwa envitasyon pou somè a: Cuba, Venezyela ak Nicaragua.

Gonzalez pat vle di nou si reprezantan peyi sa yo envite – li fè konnen Etazini ap diskite sou kestyon an ak peyi nan rejyon an pou tande opinion yo, sitou Meksik ki di li ta renmen pou yo envite Cuba – men ke desizyon final la nan men La Mezonblanch e yo va gen pou anonse lis peyi ki envite yo nan jou kap vini yo.

Jounalis VOA Jorge Agobian mande si lidè opozisyon Venezyelyen Juan Guaido te resevwa envitasyon – Gonzalez pat reponn, men li di Etazini pale ak misye souvan e ke Ameriken rekonet misye kom yon prezidan eli lejitim.

Ambasadè Nichols di nou gen plis pase mil moun ki pral patisipe nan somè a – pami yo chèf d'eta, minis ak manm sosyete sivil la. Somè Dèz Amerik la fikse pou 6 pou rive 10 Jyen nan vil Los Angeles.

VOA Kreyol ap sou plas.

XS
SM
MD
LG