Accessibility links

Breaking News

PM Ayisyen an Sou Lis Lidè Etazini Envite nan Somè Dèz Amerik yo


Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou nasyonal bone Vandredi maten, 29 Oct. nan Potoprens. (Foto: @PrimatureHT Twitter)
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry pwononse yon diskou nasyonal bone Vandredi maten, 29 Oct. nan Potoprens. (Foto: @PrimatureHT Twitter)

Responsab Depatman d'Eta kap kowodone Somè Dèz Amerik yo fè konnen Premye Minis Ayisyen an Ariel Henry sou lis lidè ki resevwa envitasyon Etazini pou asiste somè a, ki fikse pou 6 - 10 Jyen nan vil Los Angeles, eta Kalifoni.

Senatè Repibliken Marco Rubio, ki se manm komite Sena a kap travay sou zafè etranje te poze kestyon an pandan yon odyans Jedi Maten 26 Me.

Senatè Rubio ki reprezante eta Florid nan Sena Ameriken an mande si somè a pral diskite sityasyon an ann Ayiti ak premye minis Ariel Henry - ke li dekri kom "premye minis pwovizwa". Senatè Rubio di youn nan preokipasyon li genyen se kisak pral rive si yon tantativ asasina fèt kont Ariel Henry? Kiyès ki ta ranplase'l kom dirijan peyi d'Ayiti.

"Nap travay nan kad jefo diplomatik nap mennen toupatou nan emisfè a sou kestyon sa a presizeman," Kevin O'Reilly, yon responsab Depatman d'Eta deklare.

Senatè Rubio reponn ke li kwè kestyon Ayiti a gen anpil enpotans e ke yo ta dwe diskite sou sa ansanm ak patnè rejyonal Etazini yo pou stabilize sityasyon an ann Ayiti.

"Enstabilite ann Ayiti gen yon enpak sou plizyè peyi. Kounyea menm Kiba ap entèsepte migran Ayisyen yo. Gen yon pakèt migran Ayisyen kap travèse Amerik Santral la epi prezante tèt yo bay otorite yo sou frontyè sid Etazini. Bahamas ap fè fas ak defi sa yo tou. Donk mwen kwè se yon sijè diskisyon nou ta dwe konsantre sou li. Paske mwen kwè gen plizyè peyi nan rejyon an ki enterese nan sa - an komansan pa Repiblik Dominikèn ki pataje il la ak Ayiti. Men gen lot peyi tou ki enterese pou gen stabilite ak sekirite ann Ayiti epi yo pare pou ede peyi a rete stab."

Senatè Demokrat Tim Kaine, ki reprezante Vijini nan Sena a te prezide odisyon an. Senatè Demokrat Ben Cardin ki reprezante eta Maryland nan Sena a te patisipe ladann tou.

XS
SM
MD
LG