Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Chache Fason pou Reprezante Moun Kiba, Venezuela ak Nicaragua Nan Somè Amerik la

Etazini fè konnen yè lendi a ke li tap chache fason pou reprezante moun Kiba, Venezuela ak Nicaragua nan yon somè mwa pwochen an apre menas pou boykote diskalifikasyon gouvenman yo a.

Etazini ap byen akeyi lidè latino ameriken yo nan Los Angeles nan dat 6 pou rive 10 jen kap vini an nan somè dès amerik la yon pati nan efò prezidan Joe Biden pou ankouraje demokrasi e takle migrasyon ak chanjman klima a.

Otorite ameriken yo di yo te chache lonje men ofisyelman semèn pase bay lot nasyon yo pou yo te ka patisipe e pral gen plis envitasyon toujou.

Nou toujou ap analize lot altenativ yo pou konnen kijan pou konprann pi byen vwa pèp Kiben, Venezuelyen ak nicaraguyeyen nan prosesis somè a dapre yon otorite nan administrasyon an.

Depatman deta te eksprime konfyans nan patisipasyon solid nan Los Angeles san devwale lis envitasyon an jiskaprezan.

Pi gwo otorite pou Amerik Latin nan Brian Nichols anvan te di li pa atann aske ap gen envitasyon pou otorite Kiba Nicaragua ak Venezuela puiske gouvenman yo pat respekte chart demokratik inter ameriken 2001 an.

Prezidan Meksiken an Andres Manuel Lopez Obrador yon gochis te menase pou-l boykote somè-a si Etazuni pa envite tout peyi yo.

XS
SM
MD
LG