Accessibility links

Breaking News

SomèdèzAmerik: Ansyen Anbasadè Raymond Joseph di Si Brezil ak Meksik Bòykote L, Yo Ta Dwe Rele L Pito ‘Somè de Washington’


USA-RACE/GEORGEFLOYD-BIDEN
USA-RACE/GEORGEFLOYD-BIDEN

SomèdèzAmerik la, ki pwograme pou 6-10 jen nan Los Angeles, nan yon lokal ki rete sekrè jiskaprezan, ap fè anpil pale anpil. Nan mwa avril la, Prezidan Meksiken an, Andres Manuel Lopez Obrador, te deklare l ap bòykote rankont la si Kiba, Venezyela, Nikaragwa ak Brezil pa jwenn envitasyon.

Kevin O'Reilly, kowòdonatè SomèdèzAmerik la, di se Lamezonblanch ki pral detèmine si l ap envite Kiba nan rankont la; men li ajoute Washington kwè ke ni Venezuela, ni Nikaragwa pa p jwenn envitasyon.

Nan emisyon Twazyèm Mitan VOA Kreyòl la, edisyon jedi 26 me 2022 a, ansyen Anbasadè Ayisyen nan Washingtn D.C., Raymond A. Joseph -ki se ko-fondatè revi Haiti Observateur ki baze nan New York- deklare:

"Si Meksik ak Brezil ap boykote somè a, yo ta dwe chanje non an pou rele l pito "Somè de Washington."

Enfliyans Etazini nan Amerik Latin nan ak Karaib la, daprè R. Joseph

Ansyen diplomat ayisyen an deklare, si peyi li site yo deside bòykote somè a vrèman, sa pral montre enfliyans Lèzetazini an bese anpil nan rejyon an, e sa kapab gen konsekans sou rezilta eleksyon mi-manda yo Ozetazini.

Pi lwen, Misye Raymond fè konnen li kwè enfliyans Etazini ap bese chak jou nan Amerik Latin la ak Karaib la e somè a pral montre kouman Washington pèdi anpil kredi nan rejyon an. Pou fini, Ray Joseph di VOAKreyòl Prezidan Biden dwe louvri bra l pou l envite tout peyi ki fè pati kontinan ameriken an patisipe nan somè a.

SomèdèzAmerik la pwograme pou l dewoule ant 6 e 10 jen pwochen nan vil Los Angeles, Eta Kalifòni. Washington deja deside li pa p envite peyi kote dirijan yo ap minnen demokrasi, tankou Venezyela, Nikaragwa ak Kiba. Otorite yo nan administrasyon Biden nan ap etidye posiblite pou Kiba ta patisipe yon fason oubyen yon lòt; men gouvènman kiben an deja anonse li pa p patisipe.

XS
SM
MD
LG