Accessibility links

Breaking News

Blinken Bay Detay sou Estrateji Lèzetazini pou Li Fè Konkirans avèk Lachin


U.S. Secretary of State Blinken meets with Kazakhstan's Foreign Minister Tileuberdi
U.S. Secretary of State Blinken meets with Kazakhstan's Foreign Minister Tileuberdi

Sekretè Deta ameriken an, Antony Blinken, pwononse jedi yon diskou enpòtan sou politik Lèzetazini vizavi Lachin, kote li detaye estrateji administrasyon Biden nan pou l ranpòte konkirans la avèk Lachin pandan pwochen dizendane a. Pou Washington reyalize objektif sa a, li pral envesti nan enfrastrikti ki enpotan epi travay ak alye li yo pou l ranfòse sekirite chèn apwovizyonnman an, pandan l ap evite kriz enprevizib.

Daprè kèk otorite ameriken wo plase, administrasyon an pa p chache “pran distans li” avèk Lachin. Ekspresyon “pran distans la” fè referans ak yon estrateji kote Lèzetazini ta koupe pwogresivman rapò ekonomik ak komèsyal li ak Lachin, e yo te itilize li souvan sou administrasyon ansyen Prezidan Donald Trump la.

Nan yon mesaj telefonik yon ofisyèl nan gouvènman Biden nan te prezante anvan Blinken te fè diskou a, li te di: “Sekretè Deta a ta pral pale klè pou l di Lèzetazini pa p chache koupe lyen ekonomik Lachin avèk nou, ni avèk ekonomi mondyal la.”

Yon lòt zotobre nan Washington fè konnen: “Setènman, nou byen akeyi komès ak envestisman ant Lèzetazini ak Lachin depi echanj yo fèt yon fason transparan, onèt e an tout sekirite.”

XS
SM
MD
LG