Accessibility links

Breaking News

Yon Delegasyon Wo Plase Ameriken ap Vizite Ayiti


Responsab wo plase ameriken Brian Nichols ak Juan Gonzalez pandan yon rankont ak responsab pati politik yo nan Potoprens, 30 Sept. 2021.
Responsab wo plase ameriken Brian Nichols ak Juan Gonzalez pandan yon rankont ak responsab pati politik yo nan Potoprens, 30 Sept. 2021.

Yon delegasyon wo nivo gouvenman Ameriken an ap vizite Ayiti jodia. Nouvo Sekrete d'Eta Adjwen pou Zafe Emisfe Oksidantal la, Brian Nichols ak Juan Gonzalez, asistan spesyal Prezidan Biden epi Direkte pi wo plase Konsey Nasyonal Sekirite a pou Zafe ki gen rapo ak Emisfe Oksidantal la rankontre jodia, politisyen Ayisyen.

"Mwen te apresye opòtinite pou mwen koute reprezantan sosyete sivil la, ki gen ladan-l Gwoup Montana a, pou konprann pi byen dezi yo pou lavni peyi d Ayiti. Nou sipòte solisyon ki enkli tout moun, ke Ayisyen yo ap pote nan defi peyi a," Sekrete adjwen Nichols di sou kont ofisyel Twitter li a.


Pot pawol Mezon Blanch la, Jen Psaki te pale de vizit delegasyon Ameriken an nan Potoprens pandan rankont li ak jounalis yo jodia.

"Nou kwe li vreman enpotan pou gen responsab wo plase Ameriken k'ap fe va e vyen ant Washington ak Potoprens pou diskite ak manm tout pati politik yo pou we kisa yo ka fe pou apiye yon diyalog epitou devlopman pou pep Ayisyen an," Madan Psaki deklare.

"Nou konnen y'ap fe fas ak yon moman ki difisil anpil, e li esansyel pou'n rankontre yon varyete akte politik pou asire pwosesus la pouse pou pi devan oubyen pou'n apiye pwosesus la yon fason ki nan entere pep Ayisyen an," li ajoute.

Nouvo Sekrete d'Eta Adjwen pou Zafe Emisfe Oksidantal la, Brian Nichols ak Juan Gonzalez, asistan spesyal Prezidan Biden epi Direkte pi wo plase Konsey Nasyonal Sekirite a pou Zafe ki gen rapo ak Emisfe Oksidantal la pandan yon rankont nan Potoprens, 30 S
Nouvo Sekrete d'Eta Adjwen pou Zafe Emisfe Oksidantal la, Brian Nichols ak Juan Gonzalez, asistan spesyal Prezidan Biden epi Direkte pi wo plase Konsey Nasyonal Sekirite a pou Zafe ki gen rapo ak Emisfe Oksidantal la pandan yon rankont nan Potoprens, 30 S


Dapre pot pawol Mezon Blanch la, responsab yo te rankontre manm gouvenman Ayisyen an e yo te diskite sou pwosesus Ayisyen va dirije ki va debouche sou eleksyon demokratik. An plis de sa, Madan Psaki di yo pral abode kestyon migrasyon an tou, ensekirite a, rekonstruksyon apre tranbleman te a epi pandemi COVID-19 la.

Nan yon entevyou ak VOA, ansyen Ayisyen Youri Latortue di pou limenm, kestyon sekirite a kle.

"Youn nan pwen maje ke m'ral pale ave yo se kestyon ensekirite," Senate Latortue deklare. "Paske jodia nou pa bezwen gwoup etranje, nou bezwen ekspe ki ka vinn ede nou nan fomasyon an."

Paste Maurice Lapierre, Prezidan pati politik Revey d'Ayiti kwe otorite Ameriken yo ka ede Ayiti jwenn yon solisyon pou kriz la si yo vle.

"Daniel Foote fe konnen li te konn adrese Mezon Blanch sou sa, yo pa okipe'l," paste Lapierre fe remake. "E pandansetan nou bezwen sekrite sa a an premye e nou bezwen referandom epi eleksyon."

Paste a ajoute si objektif yo se "mache fe ako" ki kreye dezako li pa kwe vizit la se yon bon ide.

N'ap raple Anvwaye Espesyal Etazuni ann Ayiti a, Anbasade Daniel Foote te demisyonnen semen pase a akoz li di yo pa okipe ide li prezante pou rezoud kriz la epitou li pat dako ditou ditou ak fason administrasyon an jere kriz migran Ayisyen yo.

Pandan rankont la tap dewoule yon gwoup militan te fe yon sit-in devan anbasad Amerikenn nan Tabarre.

"Se konplo Ameriken ak tchoul yo ki mete nou kote nou ye la a," pwofese Josue Merilien deklare. "Peyi nou pap fe yon pa kita, yon pa nago si nou kontinye gen pye 'meriken sou kou nou."

"Yo banou yon seri kou d'eta an palan de oganize yon seri de vye eleksyon, eleksyon fo mamit pou mete satelit yo sou pouvwa a. Yo kraze peyi a," yon lot militan deklare.

Responsab Ameriken Nichols ak Gonzalez va rakontre lapres Ayisyenn demen Vandredi.

Korespondan nou Potoprens, Renan Toussaint ak Matiado Vilme te kontribye a repotaj sa a.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG