Accessibility links

Breaking News

Depatman Deta, Mezon Blanch Reyaji Sou Demisyon Anvwaye Spesyal Daniel Foote


Foto Achiv: Pot pawol Depatman d'Eta Ned Price.
Foto Achiv: Pot pawol Depatman d'Eta Ned Price.

Anwaye espesyal Etazuni pou Ayiti, Ambasade Daniel Foote bay demisyonn jodi Jedi a pou pwoteste kont fason administrasyon Biden nan ap jere kriz migran Ayisyen ki sou frontye Meksik la.

Nan yon let plizye medya pibliye e ki adrese a Sekrete d'Eta Antony Blinken, Anbasade Foote, yon diplomat de karye ke prezidan Biden nomen nan pos sa a nan mwad Juiye a deklare kondisyon yo ann Ayiti te talman mal ke responsab Ameriken yo te oblije rete nan bilding sekirize selman. Li di eta d'echek peyi a paka sipote paket migran sa yo kap retounen.

Anbasade Foote deklare "mwen paka asosye tet mwen ak desizyon inumen sa a, ki pa rezoud anyen pou depote refuje ayisyen ak imigran ilegal yo.

Etazuni deja voye tounen Ayiti 1,401 migran ke yo ranmase nan kan ki anba pon vil Del Rio a. Gen yon lot 3,206 moun ki nan sant detansyon sevis imigrasyon ak la dwann - dapre Depatman Sekirite Nasyonal la.

Lavwad Lamerik mande Depatman Deta reyaksyon ni sou desizyon sa a. Men sa pot pawol Ned Price di nou:

"Gen plizye konvesasyon wo nivo ki fet sou politik nou vizavi Ayiti kote tout sijestyon - pami sijestyon Anvwaye Spesyal Foote yo te debat pandan yon pwosesus transparan. Nou te deside kek nan sijestyon sa yo taka koze domaj a angajman nou pran pou'n kore demokrasi ann Ayiti - e nou te rejte yo pandan pwosesus la. Pou misye di ke nou pat konsidere sijestyon li yo ditou - se yon deklarasyon ki konpletman fo.

Mwen pap antre nan tout detay ki nan let demisyon an men mwen ta renmen souliyen ke nou fe deba sou politik etranje administrasyon an tout tan sou dives sije. Wol kabine Prezidan an ak konseye li yo se bay prezidan an pi bon chwa posib la. Nou pat iyore okenn ide, men se pa tout ide sa yo ki bon ide.

Nap fe fas ak yon gwo defi ki mande lideship. Li malere ke olye li patisipe nan yon pwosesis kap chache solisyon, Anvwaye Espesyal Foote non selman demisyonnen men li bay manti sou sikonsans ki debouche sou demisyon sa a. Li pa pwofite yon bon opotunite pou'l soulve ke sote li vizavi migrasyon - e li chwazi pito pou'l demisyonen.

Sekrete de Pres Jen Psaki pran la pawol pandan yono rakont ak la pres nan Mezon Blanch la 23 Sept. 2021.
Sekrete de Pres Jen Psaki pran la pawol pandan yono rakont ak la pres nan Mezon Blanch la 23 Sept. 2021.


La Mezon Blanch reyaji sou sou demisyon Anbasade Foote la tou:

Li deklare - premyeman mwen ta renmen siyale ke gen plizye konvesasyono nan wo nivo ki fet sou Ayiti, kote tout sujesyon yo - pami yo pa anvwaye espesyal Foote yo - te debat pou eseye determine ki politik n'ap pousuiv. Gen dezako pandan pwosesus sa yo e prezidan an byen akeyi sa - sekrete deta'a byen akeyi sa tou. Sa fe pati oganize yon seri diskisyon pou detemine ki sa ki pi bon solisyon an nan sikonsans ki difisil. Gen kek nan sijestyon yo ki pat ann ako ak angajman Etazuni pran pou'l kore demokrasi ann Ayiti. Mwen pap bay plis detay sou sa. Map kite Depatman Deta a fe sa si yo vle. Menmwen ta renmen souliyen ke anvwaye espesyal Foote te gen plizye opotunite pou'l soulve ke sote li yo pa rapo ak kestyon migrasyon an pandan manda li. Li pa janm fe sa. Byenn antandu sa pat fe pati objektif li - antanke anwaye espesyal ann Ayiti. Nou konsidere pozisyon li pran ak opinyon ni enpotan nou te apresye yo e nou te koute yo. Mou pran desizyon politik ki diferan ak sa li te vle nan kek sikonstans.

Malgre Anbasade Foote demisyonen, li rete yon anplwaye Depatman d'Eta. La Vwadlamerik te mande misye reyaksyon ni fas ak komante Depatman d'Eta a ak Mezon Blanch fe sou demisyonn jodia. Li refize fe okenn komante.

Korespondan VOA nan Depatman D'Eta Cindy Saine, Korespondan VOA nan Mezon Blanch Patsy Widakuswara kontribye a repotaj sa a.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG