Accessibility links

Breaking News

Ensekirite a Konplike Sityasyon Migran Ayisyen yo, Chef OIM Ann Ayiti Di VOA


Polisye eseye bloke yon moun Etazuni depote pandan l'ap eseye mone nan menm avyon an pou retounen Ozetazuni, Madi 21 Sept. 2021.
Polisye eseye bloke yon moun Etazuni depote pandan l'ap eseye mone nan menm avyon an pou retounen Ozetazuni, Madi 21 Sept. 2021.

Migran Ayisyen Etazuni arete sou frontye eta Texas ak Meksik epi depote, ap rive Ayiti chak jou.

Giuseppe Loprete, Chef Misyon Oganizasyon Entanasyonal Migrasyon pou Ayiti - di VOA Kreyol jodia - gen apepre 6 vol depotasyon Ameriken ki ateri chak jou, nan Potoprens ak Kap Ayisyen. OIM travay ak Oganizasyon Nasyonal Migrasyon Ayisyen an, ONM pou ankadre moun sa yo.

"An kolaborasyon ak Oganizasyon Nasyonal Migrasyon epi lot patne nou yo nou enskri yo sou lis nou, otorite imigrasyon Ayisyen yo sou plas tou le yo rive, nou ofri yo manje, kit ijen, pou fanmi yo nou ba yo kit ki gen bagay pou timoun yo, savon, bwos a dan, bagay yo ka sevi tou suit pou rafrechi ko yo apre yo pase jounen long nan sityasyon sa a," Misye Loprete di VOA. "Epi nou refere yo a swen medikal ak La Kwa Wouj Ayisyenn epi ekip medikal OIM nan tou si yon moun bezwen swen. Epi nou gen psikolog sou plas paske kek nan migran yo trez emosyone - li difisil pou yo anpil - sitou moman kote avyon an ateri epi yo reyalize se Ayiti yo tounen."

OIM di Ensekirite Poze Gwo Pwoblem pou Migran Etazuni Depote ann Ayiti yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:38 0:00

Apati jodi Madi 28 Septanm nan, migran yo pral resevwa 120 dola ke yo ka sevi pou rekomanse vi yo ann Ayiti.

"Nou ofri yo lajan kash - apepre $120 Ameriken - nou tap bay $100 anvan sa men apati jodia nap ba yo $120," misye fe konnen. "Nou ogmante som nan pou nou ka ede yo owmens pase premye jou yo ann Ayiti pi byen. Nou konstate anpil fanmi ki gen timoun donk lajan kach sa a ede yo. Li ka pa ede yo rekomanse vi yo, men omwens le yo rive sa ede yo ache pwodui premye nesesite yo."

Yon polisye eseye bloke Ayisyen Etazuni depote remonte nan menm avyo kote yo te sotia pou yo eseye retounen Etazuni apre yo rive Potoprens, 21 Sept. 2021.
Yon polisye eseye bloke Ayisyen Etazuni depote remonte nan menm avyo kote yo te sotia pou yo eseye retounen Etazuni apre yo rive Potoprens, 21 Sept. 2021.

Misye Loprete fe konnen akoz ensekirite a, migran yo fe fas ak anpil danje le yo tounen nan peyi a.

"Ayeropo a limenm sitye nan yon zon ki danjre le soley kouche, donk pa egzanp youn nan bagay ke nou fe pou ede migran yo - de pwospektif OIM se - nou di otorite yo pran prekosyon nou paka rete nan ayeropo a apre 6 ze - e menm sa two ta," Misye Loprete deklare. "Migran yo paka ap debake nan ayeropo a a 7,8,9 he du swa. Si sa rive e yo nan zon sa yo - yo paka deplase. Le sa rive, nou konn mennen yo nan otel kote yo pase nuit la epi nou tounen chache yo nan maten, nou ba yo lajan epi yo al fe wout yo. Donk nou pa bayo lajan kach nan nuit pou evite ekspoze yo a danje."

Ayisyen Etazuni depote al chache zafe yo sou pis aterisaj ayewopo Toussaint Louverture la nan Potoprens, Ayiti, 21 Sept. 2021.
Ayisyen Etazuni depote al chache zafe yo sou pis aterisaj ayewopo Toussaint Louverture la nan Potoprens, Ayiti, 21 Sept. 2021.


Dapre Chef OIM nan ann Ayiti, peyi a pa an mezu pou'l resevwa paket moun sa yo, e kominote entenasyonal la ta dwe travay ansanm ak ayiti pou chache solisyon pou pwoblem tankou chomaj ak lamize ki lakoz Ayisyen sa yo ap kouri kite peyi a.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG