Accessibility links

Breaking News

Responsab Lamezonblanch Juan Gonzalez Reponn Kestyon VOA Kreyol sou Ayiti


Responsab Lamezonblanch Juan Gonzalez Reponn Kestyon VOA Kreyol sou Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:16 0:00

VOA Kreyòl te poze Juan Gonzales, ki se Asistan Spesyal Prezidan Biden ak Direktè Wo Plase pou Zafè Emisfè Oksidantal la nan Konsèy Nasyonal Sekirite a si Etazini gen entansyon mande arestastasyon ak transfe lòt sispek an koneksyon ak asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise la. Men sa li di jounalis nou Jorge Agobian.

JUAN GONZALEZ: "Mwen paka fe komante sou envestigasyon, men mwen konnen ke met sou sipo nap bay Ayiti pa rapo ak anket sou asasina Prezidan Jovenel Moise la, nap gade aspe Ameriken an. Depatman Jistis la ap mennen anket sou sa, e nou pran angajman pou asire ke nou jwen moun ki responsab yo epi mennen yo devan la jistis."

Nou mande Misye Gonzalez tou, si administrasyon Biden nan satisfe ak pwogre Ayiti fe pou oganize eleksyon?

JUAN GONZALEZ: " Eleksyon trez enpotan. Men nap konsantre sou tabli kondisyon pwopis ki va pemet Ayisyen egzese dwa yo pou vote libreman epi an sekirite. Sa gen pou we ak dyalog e gen anpil akte diferan - nap eseye ankouraje diyalog nan peyi a. Nap eseye apiye Polis Nasyonal Ayiti nan moman kote lap travay pou kore kapasite li pou sekirize peyi a. E nap fe tout sa nou kapab pou dispoze asistans pou fe fas ak defi fondamantal ki te poze pou Ayiti menm anvan tranbleman te a, ak asasina Prezidan Moise la."

Juan Gonzalez te reponn kestyon VOA Kreyol nan mikwo jounalis Jorge Agobian nan lakou Lamezonblanch la apremidi a.

XS
SM
MD
LG