Accessibility links

Breaking News

Eske Etazini Pral Mande Transfè Lòt Sispèk an Koneksyon ak Asasina Prezidan Moise?


Responsab Lamezonblanch Juan Gonzalez Reponn Kestyon VOA Kreyol sou Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:16 0:00

Responsab Lamezonblanch Juan Gonzalez Reponn Kestyon VOA Kreyol sou Ayiti

VOA Kreyòl te poze Juan Gonzales, ki se Asistan Spesyal Prezidan Biden ak Direktè Wo Plase pou Zafè Emisfè Oksidantal la nan Konsèy Nasyonal Sekirite a si Etazini gen entansyon mande arestastasyon ak transfè lòt sispek an koneksyon ak asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise la. Men sa li di jounalis nou Jorge Agobian.

JUAN GONZALEZ: "Mwen paka fè komantè sou envestigasyon, men mwen konnen ke met sou sipò nap bay Ayiti pa rapò ak ankèt sou asasina Prezidan Jovenel Moise la, nap gade aspè Etazini an. Depatman Jistis la ap mennen ankèt sou sa, e nou pran angajman pou asire ke nou jwen moun ki responsab yo epi mennen yo devan la jistis."

Nou mande Misye Gonzalez tou, si administrasyon Biden nan satisfè ak pwogrè Ayiti fè pou òganize eleksyon?

JUAN GONZALEZ: " Eleksyon trez enpòtan. Men nap konsantre sou tabli kondisyon pwopis ki va pèmèt Ayisyen egzèse dwa yo pou vote libreman epi an sekirite. Sa gen pou wè ak dyalòg e gen anpil akte diferan - nap eseye ankouraje diyalòg nan peyi a. Nap eseye apiye Polis Nasyonal Ayiti nan moman kote lap travay pou kore kapasite li pou sekirize peyi a. E nap fè tout sa nou kapab pou dispoze asistans pou fè fas ak defi fondamantal ki te poze pou Ayiti menm anvan tranbleman tè a, ak asasina Prezidan Moise la."

Juan Gonzalez te reponn kestyon VOA Kreyòl nan mikwo jounalis Jorge Agobian nan lakou Lamezonblanch la apremidi a.

XS
SM
MD
LG