Accessibility links

Breaking News

Manifestan Pwo-Palestinyen Entewonp Diskou Biden nan Kawolin di Sid


Manifestan kap pwoteste kont lage Izrayel-Hamas la chante "Seselfe Kounyela a!" pandan diskou Prezidan Joe Biden nan legliz Mother Emanuel AME CHurch nan Charleston, Kawolin di Sid, 8 Janvye 2024.
Manifestan kap pwoteste kont lage Izrayel-Hamas la chante "Seselfe Kounyela a!" pandan diskou Prezidan Joe Biden nan legliz Mother Emanuel AME CHurch nan Charleston, Kawolin di Sid, 8 Janvye 2024.

Manifestan pwo-Palestinyen ki tap mande yon seselfe nan Gaza entewònp diskou Prezidan Joe Biden tap pwononse nan legliz Mother Emanuel AME nan vil Charleston Lendi.

Nan moman Biden tap pale nan lye kote yon neg ak zam te fiziye 9 fidel nwa nan legliz la an 2015, youn nan manifestan yo te rele byen fò "si vreman vre ou gen ke sote pou moun ki te mouri isit la ou ta dwe onore lavi moun ki mouri yo epi mande yon seselfe nan Palestin."

Otorite yo fe manifestan yo kite legliz la. Pandansetan, moun ki andedan legliz la pou koute diskou Biden nan te pran chante "four more years" - savledi yon lòt 4 an.

Biden te reponn pou di "Mwen konprann pasyon yo" e li ajoute ke lap travay tou dousman ak gouvènman Izrayelyen an pou fe yo sispann operasyon yo lòt bo a.

Apre sa yon dam te rele byen fò pou di "ou se yon bon neg."

Biden te pwofite diskou a pou mennen kanpay pou yon dezyem manda epi klere limye sou sa li konsidere tankou "pwazon" ekstremis blan yo reprezante e ki pa dwe jwenn okenn soutirans nan sosyete Amerikèn nan.

Biden di li vle pou Ameriken konnen sa li kwè ki an je nan eleksyon prezidansyèl mwad Novanm nan e lap re-vizite kèk nan zòn kote peyi a soufi pi gwo dram yo pou mete aksan sou sak pase lè yo kite santiman rayisman donnen.

Nap raple ke 17 Jyen 2015, yon jènòm blan ki te gen 21 an, te antre nan legliz la epi rale zam sou fidèl yo epi touye 9 pa mi yo. Gen plizyè lòt ki te blese nan atak la, kote mizye te anvizaje deklanche yon lagè rasyal.

Biden te vis prezidan Etazini nan epòk la e li te asiste mès nan lonè viktim yo nan Charleston, kote Prezidan Barack Obama te ranpote anpil lwanj pou fason li te chante "Amazing Grace".

XS
SM
MD
LG