Accessibility links

Breaking News

Mwayen Oryan

Yon Atak Ayeryen Izrayelyen Touye yon Kòmandan Elit Hezbollah a

Foto sa a, ke Medya Milite Hezbollah a pataje ak lapres montre komandan wo plase Hezbollah a, Wissam Tawil ki mouri nan yon atak nan sid Liban, Lendi 8 Janvye 2024.
Foto sa a, ke Medya Milite Hezbollah a pataje ak lapres montre komandan wo plase Hezbollah a, Wissam Tawil ki mouri nan yon atak nan sid Liban, Lendi 8 Janvye 2024.

Yon atak ayeryen Izrayèl lanse touye yon kòmandan elit Hezbollah a nan sid Liban.

Se dènye nan yon seri echanj kout zam ki fèt sou fwontyè Izrayèl pataje ak Liban an e ki soulve kè sote dèske yon lòt lagè taka deklanche nan Mwayèn Oryan an. Pandansetan gen plis sivil ki mouri nan Gaza.

Yon responsab sekirite Libanè deklare atak Lendi a ki te vize yon pajeyo, touye kòmandan yon fòs sekrè Hezbollah a ki mennen operasyon nan zòn fwontyè a.

Hezbollah idantifye viktim lan kòm Wissam al-Tawil san li pa bay okenn lòt detay.

Misye se militan pi wo plase Hezbollah a ke Izrayèl touye apre atak 7 Oktòb Hamas te lanse nan sid Izrayèl ki te deklache yon lagè nan Gaza ak batay ant Izrayèl ak Hezbollah a tou.

Echanj kout zam yo vinn entansifye depi atak Izrayelyen ki te touye yon lidè wo plase gwoup militan Hamas la nan Beirout semèn pase a.

See all News Updates of the Day

Ajans l-ONU Fè Konnen Preske 450.000 Moun kite vil Rafah Palafòs

Palestinians flee Rafah after Israeli forces launched a ground and air operation in the eastern part of the southern Gaza city
Palestinians flee Rafah after Israeli forces launched a ground and air operation in the eastern part of the southern Gaza city

Ajans l-ONU pou Refijye palestinyen an yo fè konnen jodi lendi a li estime ke preske 450.000 moun kite vil Rafah nan sid Gaza palafòs nan semenn ki pase a pandan fòs izraelyen yo ap pouse pou antre nan zonn nan.

Plis pase mwatye nan popilasyon Gaza a te pran refij nan Rafah, lè anpil Palestinyen te ale lòt bò a nan kouri pou lagè Izrayèl-Hamas la nan lòt pati nan Gaza.

“Moun yo ap fè fas ak gwo fatig, grangou ak laperèz. Okenn kote pa gen sekirite. Yon kanpo touswit nan batay-yo se sèl sa ki ka bay espwa,” se sa ki di nan yon deklarasyon Ajans l-ONU pou Sekou ak Travay pou Refijye Palestinyen nan Pwòch Oryan an.

Komite Entènasyonal LaKwa Wouj anonse jodi madi a ouvèti yon lopital 60 kabann nan Rafah.

Atak Izrayèl nan Nò ak Sid Gaza

 Atak Izrayèl nan Nò ak Sid Gaza
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:17 0:00

Fòs Izrayelyen yo batay ak militan Hamas jodi lendi a nan nò ak Sid Gaza, pandan Ministè Sante Gaza a di gen rate gaz pou fè jeneratè lopital yo ak anbilans yo mache, e ke sa pouse sistèm medikal la nan pwen pou li kraze.

Lagè Izrayèl nan Gaza: Elèv Nan Inivèsite Duke Moutre Opozisyon Yo nan Yon Seremoni Gradyasyon

CORRECTION Israel Palestinians Campus Protests
CORRECTION Israel Palestinians Campus Protests

Yon ti gwoup gradye nan Inivèsite Duke nan Kawolin di Nò te moutre opozisyon yo kont pawol komedyen ki anfavè Izrayèl, Jerry Seinfeld, nan seremoni gradyasyon inivèsite a yè dimanch swa, kote apeprè 30 sou 7.000 etidyan te leve kite chèz yo e chante “libere Palestin” pandan etidyan t ap rele chalbari dèyè Seinfeld, pandan gen lòt ki t ap bat bravo.

Kèk etidyan te leve drapo wouj, vè, nwa ak blan palestinyen an. Seinfeld, ki te fè non li pandan yon dizèn lane te tounen youn nan komedyen ki pi popilè nan istwa televizyon Etazini. Li kontinye rale anpil fanatik nan video espesyal li sou Netflix ak pwogram televizyon li tankou « Komedyen nan Oto ki ap Pran Kafe, » e li te prezan nan seremoni gradyasyon an pou resevwa yon doktora onorifik nan inivèsite a.

Li sipòte Izrael an piblik depi lè lame a te anvayi Gaza pou pini Hamas apre gwoup la te atake Izrael 7 Oktòb pase.

Atak Izrayèl nan Nò ak Sid Gaza

TOPSHOT - Boys watch smoke billowing during Israeli strikes east of Rafah in the southern Gaza Strip on May 13, 2024, amid the ongoing conflict between Israel and the Palestinian militant group Hamas. (Photo by AFP)
TOPSHOT - Boys watch smoke billowing during Israeli strikes east of Rafah in the southern Gaza Strip on May 13, 2024, amid the ongoing conflict between Israel and the Palestinian militant group Hamas. (Photo by AFP)

Fòs Izrayelyen yo batay ak militan Hamas jodi lendi a nan nò ak Sid Gaza, pandan Ministè Sante Gaza a di gen rate gaz pou fè jeneratè lopital yo ak anbilans yo mache, e ke sa pouse sistèm medikal la nan pwen pou li kraze.

Temwen rapòte batay nan kan refijye Jabalia nan nò Gaza, e yon pati nan twoup izraelyen yo tounen pou goumen kont sa lame a di ki se yon efò Hamas pou li re-òganize fòs li.

Kèk rezidan rapòte tou plis frap aeryen ak plis atak atè nan Rafah, toupre fwontyè ak Ejip.

Depatman Deta ameriken di ayè dimanch swa ke Sekretè Deta Antony Blinken te diskite sou “opozisyon Etazini kont yon gwo operasyon militè atè nan Rafah” lè li te pale nan telefòn ak Minis Defans Izraelyen Yoav Gallant.

Apeprè 300.000 sou 1.300.000 Palestinyen ki te al refijye nan Rafah resevwa lòd pou yo evakye ankò.

Otorite Izralyen Kont Desisyon Biden Pran Pou Kanpe Sou Ekspedisyon Zam Bay Izrayèl la

FILE PHOTO: U.S. President Biden tours a Lockheed Martin weapons factory in Troy, Alabama
FILE PHOTO: U.S. President Biden tours a Lockheed Martin weapons factory in Troy, Alabama

Otorite izralyen pale jodi jedi a kont desizyon Prezidan Etazini Joe Biden pou kanpe sou ekspedisyon yon chajman zam pou Izrayèl pandan gen kè-sote sou plan Izrayèl pou li laji yon operasyon militè nan Rafah, plan ke Etazini pa sipòte.

Anbasadè izraelyen nan Nasyon Zini Gilad Erdan deklare “se yon aksyon ki difisil pou nou tande e ki fè nou desu, nan administrasyon yon prezidan ki te toujou sipòte nou depi koumansman lagè a.”

Minis Sekirite Nasyonal israelyen, ekstrèm dwat Itamar Ben Gvir, poste sou X, ki te konn rele Twitter, “Hamas byen renmen Biden”.

Biden di sou CNN nan yon entèvyou ki pase ayè mèkredi swa ke Etazini ap kontinye founi Izrayèl zam pou defans, tankou minisyon pou sa ki rele Kouvèti an Fè a.

Load more

XS
SM
MD
LG