Pri a se pou Katalin Kariko, yon pwofesè nan Inivèsite Sagan nan peyi Ongri, ki se tou yon pwofesè adjwen nan Inivèsite Pennsilvani, ak Drew Weissman, 2 moun ki te fè ansanm rechèch ki fè yo jwenn pri a, nan Inivèsite Pennsilvani.
Pri yo mache ak yon lajan 11 milyon kronor suedwa. Yon kronor swedwa vo yon milyon dola. Komite Nobel la ap anonse Pri Fizik la madi, Pri Chimi a mèkredi ak Pri Literati a jedi. Pri Nobèl Lapè a se Vandredi, epi Pri Nobel ekonomi an 9 Oktob.
Yo te ajoute 1 milyon kronor ane sa a sou Pri Nobel la akoz valè lajan peyi a, kronor la, ki plonje desann.
Loreya yo pwal resevwa pri yo 10 Oktob ki se dat anivèsè lanmò Alfred Nobel ki te envante pri a.