Accessibility links

Breaking News

Timoun nan Eta Georgia ka Bezwen Pèmisyon Paran yo pou yo Enskri Sou Plafòm Rezo Sosyal yo


USA-BIDEN/SOCIAL MEDIA
USA-BIDEN/SOCIAL MEDIA

ATLANTA (AP) — Timoun nan eta Georgia ka bezwen pèmisyon paran yo pou yo kreye yon kont sou platfòm rezo sosyal si chanm nan apwouve pwopozisyon lidè Repibliken yo nan eta a, nan ane ki ap vini an.

Lyetnan-Gouvènè eta a Burt Jones ak Senatè Jason Anavitarte di yo vle pase yon lwa konsa an 2024.

Plizyè lòt eta pase mezi konsa, ane sa a.

Desizyon sila rive apre Chirijyen Jeneral Etazini an te avèti nan mwa Me ke medya sosyal yo pa te pwouve ke yo san danje pou jèn yo. Anavitarte di ke li pral chache tou ranfòse lwa Georgia kont entimidasyon sou entènèt, kote li pwal ekzije lekòl yo pou yo avèti ke leta ka konsidere aksyon konsa kòm yon krim.

XS
SM
MD
LG