Accessibility links

Breaking News

Moskou: Atak Dronn sou yon Bilding Plizyè Etaj


Investigators examine an area next to a damaged building in the "Moscow City" business district after a reported drone attack in Moscow, Russia, Aug. 1, 2023.
Investigators examine an area next to a damaged building in the "Moscow City" business district after a reported drone attack in Moscow, Russia, Aug. 1, 2023.

Bilding nan sant Moskou domaje epi vit fenèt kraze Madi 1ye Out lè yon swadizan atak ak dronn te vize kapital Larisi a.

Lame Ris di ke inite anti-avyon li te bloke sa li rele "atak teworis" Ikrèn, ke yo te desann kèk dronn ki te vize kapital la, men ke yo te detounen yon dronn ki te vin pèdi kontwòl e al frape gwo bilding nan.

Majistra vil Moskou, Sergei Sobyanin di sou Telegram ke se menm bilding sa a Ikrèn te frape ak yon dronn dimanch 30 Jiyè a.

Pòtpawòl Kremlin, Dmitry Peskov, te di nan jou apre ensidan sa a ke atak Ikrenyen sou Moskou ak lòt pozisyon ris se "zak dezespere" e ke Larisi ap pran tout mezi posib pou pwoteje tèt li kont frap sa yo.

XS
SM
MD
LG