Avan depa li, prezidan Patrice Talon deklare "Jan Prezidan Tinubu te di, mwen kwè ke sitiyasyon an enkyetan ase pou CEDEAO e pou Prezidan Tinubu nan Nijerya ki se vwazen Nijè, menm jan ak Benen, pou nou oblije pran sitiyasyon sila trè oserye epi aji byen vit."
Chèf CEDEAO a di prezidan Benin an pral nan yon misyon medyasyon nan Nijè

Prezidan peyi Benen, Patrice Talon, ap vwayaje nan Nijè pou l sèvi kòm medyatè pandan gad prezidansyèl la kenbe lidè peyi a nan sa ki sanble yon tantativ koudeta, se sa chef CEDEAO a, ki se Prezidan Nijerya, Bola Tinubu, anonse nan kapital peyi li Abuja.