Aksyon sila fè pati yon gwo efò leta ap fè pou fèmen enstitisyon prive sa yo.
Pifò nan òfelina yo se pwopriyete prive ki jwenn sipò donatè ki baze nan peyi Etazini.
Travayè sosyal ap bat pou reyini timoun sa yo af fanmi yo.
Timoun sa yo pafwa gen sèlman yon foto ak yon deskripsyon vag pou di nan ki katye yo tap viv.
Se yon travay ki difisil nan yon peyi ki gen plis pase 11 milyon moun.
Pa gen anyè ki bay adrès kay, e anpil fanmi pa gen adrès fizik e kay yo pa sou entènèt.
Anviron 30,000 timoun ayisyen ap viv nan plizyè santèn òfelina kote gen nouvèl ki di yo viktim travay fòse, trafik moun, ak abi fizik ak seksyèl.