Accessibility links

Breaking News

Etazini: Chanm Reprezantan an vote pou sispann plafon dèt la


USA-IMMIGRATION/BORDER-CONGRESS
USA-IMMIGRATION/BORDER-CONGRESS

Nan Chanm Reprezantan an, Depite yo vote ak yon gwo majorite mèkredi swa anfavè tèks lwa pou sispann plafon dèt la jiska 2025, kidonk yo retire risk pou gouvèman an fèmen nan dat 5 jen ki ap vini an.

314 depite vote anfavè pwojè lwa a e 117 vote kont li, e kounye a yo voye l nan Sena a. Lidè majorite Demokrat la te asire Mèkredi ke li ap soumèt li "pi vit posib" pou "nou evite sispansyon pèman".

Prezidan Ameriken an nan yon konferans pou laprès nan Mezon Blanch la deklare: "Jodi a Chanm Reprezantan an fè yon etap esansyèl pou anpeche ke gouvènman Etazini an pou premye fwa ta pran pàn lajan pou peye bòdwo li”.

XS
SM
MD
LG