Accessibility links

Breaking News

Dosye esklav franse yo enskri nan rejis "Memwa Mond lan" UNESCO


France Salvery
France Salvery

PARIS (AP) — Yo ajoute plizyè santèn dokiman ak atik nan rejis UNESCO ki rele "Memwa Mond lan" ki bay detay sou kantite moun ki te viktim esklavaj nan koloni franse yo.

L-ONU te tabli rejis la nan ane 1992 "pou pwoteje dokiman ki nan eritaj limanite."

Dènye dokiman sa yo, ke ajans kiltirèl Nasyonzini an te apwouve semèn pase, make premye fwa ke Lafrans te ankouraje enskripsyon dokiman ki te nan achiv nan tan modèn yo nan teritwa etranje.

Dokiman yo ki gen dat ant 17yèm ak 19yèm syèk, soti nan nan plizyè nasyon tankou Ayiti, zile Moris ak Senegal.

Yo reprezante yon pati nan sa ki, dapre Fondasyon Franse pou Souvni Esklavaj la, se anviwon 4 milyon moun ki te nan esklavaj nan koloni franse yo.

XS
SM
MD
LG