Accessibility links

Breaking News

Ikrèn: Lame Ris di ke li detwi yon "depo minisyon" nan yon atak sou Dnipro

Ukrainian rescuers walk past damaged emergency service trucks next to a damaged fire station after a strike in the eastern Ukrainian city of Dnipro, amid the Russian invasion of Ukraine, in this handout photo published May 22, 2023.

Pòtpawòl Ministè Defans Larisi, Igor Konaсhenkov, di ke lame Ris detwi "yon depo ki te gen zam, minisyon ak ekipman aviyasyon" nan yon atak yo te fè sou "chan davyasyon Dnipro", yon vil nan sant-lès Ikrèn.

Ajans France Presse, AFP, pa kapab konfime lye kote chan davyasyon ke Ris yo di yo frape a ye.

Byen bonè jodi madi a, Ikrèn di li te kontrekare yon vag atak ke Larisi pa te janm fè anvan, ki te vize vil Dnipro ak misil eksplozif ak dronn.

Depi nan konmansman an mwa Me a, Larisi te ogmante bonbadman li yo nan mitan lannwit, sitou sou Kyiv.

Ikrèn asire ke defans anti-avyon li ki gen ranfò èd militè Lwès yo, desann pifò dronn ak misil yo.

XS
SM
MD
LG