Accessibility links

Breaking News

Etazini Pral Limite Kantite Moun Ki Ka Mande Azil Sou Fwontyè Meksik la


Migran travese rivye Rio Bravo a pou antre Ozetazini depi Matamoros, Meksik, Madi 9 Me, 2023.
Migran travese rivye Rio Bravo a pou antre Ozetazini depi Matamoros, Meksik, Madi 9 Me, 2023.

Responsab Ameriken yo pral komanse refize demann azil Jedi pou migran ki rive sou fwontyè Meksik la san yo pa chache anvan sa, pwoteksyon nan yon peyi kote yo te pase.

Mezi sa a fè pati jefo administrasyon Biden nan lanse pou sere boulon moun kap chache travèse fwontyè li ilegalman. Pandansetan, gen plan pou kreye nouvo mwayen legal pou migran yo ka antre Ozetazini. Pami nouvo mwayen sa yo gen 100 sant rejyonal migrasyon ke yo gen entansyon tabli atravè emisfè Oksidantal la.

Responsab administrasyon an di mezi yo vize chanje fondamantalman fason migran yo rive sou frontyè sid Etazini.

Restriksyon ki gen rapo ak pandemi Kowonaviris la, ke moun konnen kom Tit 42, te pèmèt otorite yo refoule rapidman anpil nan migran ki te travèse fwontyè a.

Sepandan, restriksyon yo ap pran fen Jedi.

XS
SM
MD
LG