Accessibility links

Breaking News

Yo Kidnape Plis Pase 2,000 Migran o Meksik Ane Pase a


Foto Achiv: Yon dam leve timoun ni soti nan labou pandan migran Ekwatoryen ap travese Pas Darien nan soti Kolonbi pou antre Panama ak espwa pou yo rive Ozetazini, 15 Oktob, 2022.
Foto Achiv: Yon dam leve timoun ni soti nan labou pandan migran Ekwatoryen ap travese Pas Darien nan soti Kolonbi pou antre Panama ak espwa pou yo rive Ozetazini, 15 Oktob, 2022.

Gouvènman peyi Meksik fè konnen yo kontrebandye ak katèl dwòg yo kidnape plis pase 2,000 migran pandan ane 2022 a. Nouvèl la tonbe nan moman otorite yo chache ak siksè 10 Kolonbyen yo kidnape nan rejyon nò Meksik semèn sa a.

Ajans Nasyonal Imigrasyon Mkesik la di otorite yo libere 2,115 migran divès nasyonalite, ke gang yo te kidnape an 2022. Gang ak katèl yo sanble yap chache migran yo kòb pi souvan pou travèse Meksik epi apre sa yo kidnape yo epi mande ranson pou lage yo.

Paran youn nan Kolonbyen ki te disparèt yo di bandi yo te rele l pou mande yon ranson $2,500 nan men fanmi yo Ozetazini.

Otorite yo di ta Vandredi ke yo te jwen Kolonbyen ki disparèt yo sen-e-sof nan yon stasyon ki vann gazolin.

XS
SM
MD
LG