Accessibility links

Breaking News

Prezidan Meksik Pral Rele Biden pou Diskite sou Imigrasyon


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden ak Prezidan Meksik Andres Manuel Lopez Obrador.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden ak Prezidan Meksik Andres Manuel Lopez Obrador.

Prezidan Meksik la di li pwal pale ak Prezidan Etazini Joe Biden nan telefon Madi sou kestyon imigrasyon ak kriz fentanyl la.

Prezidan Andres Manuel Lopez Obrador deklare Lendi diskizyon yo ap touche tou pwogram devlopman ki vize redui kantite migran kap chache antre lakay yo.

Konvèsasyon an ap dewoule 2 jou anvan fen restriksyon COVID-19 ki te pèmèt otorite Ameriken yo repouse rapidman migran kap chache travèse fwontyè a ilegalman.

Lopez Obrador lanse apèl bay migran yo pou yo pa sèvi ak kontrebandye pou rive sou fwontyè Etazini an. Li mande gouvènman Ameriken an kontribye plis asistans devlopman pou Amerik Santral la pou ke moun yo pa oblije emigre.

Li kritike tou, plan palmantè Repibliken Ameriken yo prezante pou mete restriksyon sou azil.

XS
SM
MD
LG