Accessibility links

Breaking News

Anpil Migran Debake sou Fwontyè Texas la, Pandan Abri Pou Migran yo pa gen Espas ankò

This image provided by WJLA shows migrant families as they get on to a bus to transport them from near the vice president's residence to an area church after they arrived in Washington, Dec. 24, 2022. (WJLA via AP)

BROWNSVILLE, Texas (AP) — Dosye migrasyon an sou fwontyè vill Texas nan Meksik vin yon ti jan konplike akoz abri yo pa gen espas ankò pou kantite migran ke otorite yo di ki kòmanse travèse pa milye soti Meksik pou antre Texas.

Kantite migran ki pase sou fwontyè vil Brownsville la ogmante, e vil fwontyè Ameriken sa, nan tan nòmal gen mwayen pou jere foul moun k ap kouri pou mizè ak vyolans nan peyi yo.

Otorite yo di plis pase 15,000 moun, sitou migran ki soti nan peyi Venezyela, te travèse ilegalman flèv ki toupre Brownsville la nan semèn ki pase a.

XS
SM
MD
LG