Desizyon Minis Afè Etranjè Lig Arab la yo pou re-admèt Siri a, dapre nouvèl yo, pa te jwenn akò tout manm yo, men te gen vòt majorite a nan yon sesyon ki te dewoule ak pòt fèmen. Mouvman sa a vini kèk jou anvan yon somè Lig Arab la nan kapital Arabi Saoudit la Riyadh.
Yon deklarasyon Lig Arab la moutre ke « rezolisyon konfli Siri a se yon afè etap pa etap, » e ke premye pa a sete fè Siri retounen patisipe nan reyinyon Lig Arab la yo. Gwoup la sipòte « respè pou teritwa Siri, » ak « retrè tout fòs etranje » ki nan peyi a.
Pòtpawòl Lig Arab la Jamal Rushdy di desizyon dimanch la se pa « yon siy ke konfli Siri a rive nan bout li, men se koumansman fen an. » Li ajoute ke kriz Siri a « se pa sèlman yon konfli entèn, men yon konfli rejyonal ak entènasyonal, » e li fè wè ke Lig Arab la « ta renmen enplike nan efò pou rezoud konfli a, » paske li gen efè sou anpil peyi Arab.