Accessibility links

Breaking News

Prezidan Peyi Iran, Ebrahim Raisi, ap Vwayaje nan Peyi Siri


Iranian President Ebrahim Raisi speaks during a session of parliament in Tehran, Iran, April 30, 2023.
Iranian President Ebrahim Raisi speaks during a session of parliament in Tehran, Iran, April 30, 2023.

Prezidan peyi Iran, Ebrahim Raisi, ap vwayaje nan kapital peyi Siri, Damas, mèkredi k ap vini an, pou yon vizit 2 jou, se sa medya leta nan Iran rapòte.

Se pwal yon vizit enpòtan anpil nan moman gen plis peyi nan rejyon an ki angaje yo ak rejim siryen an.

Dapre ajans nouvèl IRNA, Raisi pwal nan tèt yon delegasyon ki gen gwo ekspè ekonomik ak politik, e vizit la ap fèt sou envitasyon Prezidan siryen Bashar al-Assad.

Teheran, ki se yon gwo alye pou Assad, sipòte gouvènman li a nan konfli Siri a ki la depi 12 lane, men okenn prezidan Iran pa te vizite peyi sa a depi lagè a te tanmen an 2011.

Vizit sa a ap vini kèk semèn apre yon rapwòchman istorik ant 2 rival nan rejyon an, Iran ak Arabi Saoudit, sa ki te moutre jan peyi Arab yo anvi re-angaje yo ak gouvènman siryen an ke yo te mete nan kanpe-lwen.

XS
SM
MD
LG