Accessibility links

Breaking News

Bakhmout: Chèf Wagner a di ke Moskou Fè l Pwomès, l ap Voye Minisyon ke Gwoup la te Mande yo


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Lidè gwoup paramilitè Wagner fè konnen dimanch lame Ris la fè li " pwomès" ke l ap resevwa plis minisyon ak zam, apre li te menase pou l retire fòs li nan vil Bakhmout nan Ikrèn akoz mank materyèl.

Yevgeny Prigojine di nan yon mesaj odyo li pibliye: “Yè swa, nou resevwa yon lòd pou nou batay. Yo pwomèt ke yap ba nou tout minisyon ak zam nou bezwen pou kontinye operasyon nou"

"Yo fè nou sèman ke yo pral ba nou tout bagay ki nesesè pou nou kontinye batay nan alantou Bakhmout.

Li di tou ke Jeneral Sergei Surovikin pral òganize l ak Ministè Defans Ris la pou pran "tout desizyon konsènan operasyon militè Wagner a".

Mesye Prigojine di ke Surovikin, " Se sèl moun ki gen zetwal jeneral lame a ki konn goumen”.

Bòs Wagner a akize eta majò jeneral lame Ris la depi kèk mwa kòmkwa li pa bay twoup li yo ase minisyon, pou anpeche yo genyen yon viktwa nan Bakhmout, sa ki ta montre feblès lame regilye a.

Samdi, li te mande tou pou Minis Defans Ris la mete nan plas twoup li yo nan Bakhmout twoup lidè Chetchen Ramzan Kadyrov.

XS
SM
MD
LG