Accessibility links

Breaking News

Lionel Messi Ap kite PSG nan Fen Sezon an


France Soccer League One
France Soccer League One

Lionel Messi gen pou l kite Paris Saint-Germain lè kontra li bout nan fen sezon an apre li fin pase 2 lane ap jwe nan ekip foutbòl franse a, se sa yon moun ki konnen dosye a byen di The Associated Press(AP).

Moun nan te pale sou kondisyon ke non li pa site paske li pa gen otorizasyon di anyen piblikman sou sa jwè Ajanten an ap fè.

Moun nan di depa Messi a soti nan yon antant ant li menm ak dirijan ekip la yo kote yo te dakò ke kontra li a fini depi janvye.

Nouvèl sa tonbe yon jou apre PSG te pran desizyon sipann Lionel Messi nan tout aktivite klèb la apre yon vwayaj li te fè nan Arabi Saoudit san pèmisyon klèb la.

XS
SM
MD
LG