Accessibility links

Breaking News

Neg Ak Zam Menase Messi E Yo Tire Kout Zam Sou Yon Makèt Fanmi An


Argentina Messi
Argentina Messi

BUENOS AIRES, Ajantin (AP) — Lapolis nan Bunos Aires kapital peyi Ajantin di nèg ame te kite mesaj menasan pou sipèsta foutbòl Ajanten Lionel Messi epi te louvri kout zam nan yon makèt ke fanmi madanm li genyen nan vil la.

Pat gen okenn moun ki te viktim nan atak la jedi maten.

Argentina Messi Violence
Argentina Messi Violence

Otorite yo pa konn pou ki rezon neg ame yo te vize Messi oswa makèt Unico nan Rosario toupre Buenons Aires, ke fanmi madanm li, Antonella Roccuzzo, posede.

Majistra vil la, Pablo Javkin, mande dechenen kont otorite federal yo poutèt dapre li yo echwe nan efò pou kwape vag zak vyolans gang yo nan vil Rosario.

XS
SM
MD
LG