Accessibility links

Breaking News

Espay: Pitit Ronaldinho Joao Mendes, Pral Jwe Pou Ekip Rezèv FC Barcelòn nan

Brazilian national soccer team player Ronaldinho smiles during a news conference at Wembley stadium in London February 5, 2013. Brazil are set to play England in an international friendly soccer match on Wednesday. REUTERS/Stefan Wermuth (BRITAIN - Tags:

Nan yon deklarasyon Jedi klèb Catalan anonse ke Joao Mendes, pitit gason Ronaldinho, ansyen lejand ekip FC Barcelone nan, antre nan ekip FC Barcelona.

Joao Mendes te fè antrènman nan akademi Cruzeiro nan peyi Brezil e ane pase li te mete fen nan kontra li avek akademi an.

Li te fè plizyè esè ak ekip Barça nan semèn ki sot pase yo anvan dirijan ekip la te rive jwenn yon akò ak estaf li anfavè Joao, men yo pa bay okenn detay sou konbyen tan akò a ap dire.

Joao Mendes pral jwe pou ekip rezèv Barça a 15 lane apre papa l te kite Katalòy.

XS
SM
MD
LG