Accessibility links

Breaking News

Elektè Nan Pati Demokrat La Divize Apre Anons Kandidati Prezidan Joe Biden Pou Re-Eleksyon an 2024


Rais wa Marekani Joe Biden akisalimiana na mashabiki wakati wa ufunguzi wa Michezo ya Maccabiah huko Jerusalem, tarehe 14 Julai 2022. Picha na RONEN ZVULUN / POOL / AFP.
Rais wa Marekani Joe Biden akisalimiana na mashabiki wakati wa ufunguzi wa Michezo ya Maccabiah huko Jerusalem, tarehe 14 Julai 2022. Picha na RONEN ZVULUN / POOL / AFP.

Anons Prezidan Etazini Joe Biden pou di li ap kandida pou re-eleksyon an 2024 la kite elektè yo nan pwòp pati Demokrat li a divize e sa pa fè fidèl yo nan pati a chofe ditou tankou sa konn fèt lè prezidan yo kandida pou yon 2èm manda.

“Mwen pa ta di mwen sezi, men premye reyaksyon m sèke mwen desu,” se pawòl Jamie Leff, yon mizisyen ki ap viv nan vil Houston nan eta Texas. Popilarite li ekstrèmman ba e li granmoun anpil. Moun yo santi tankou se pa vrè moun nan ki ta dwe ap dirije peyi a.

Biden ki gen 80 lane se presidan ameriken ki gen plis laj ki ap chache re-eleksyon.

“Nou menm jèn votè, nou vle wè gwo chanjman ak pwogrè,” se pawòl Jeff ki gen 32 lane, e li ajoute, “e èske li ka ban nou sa? M pa sèten. Men se li ki sou fòtèy boure a, ki vle di se li ki meyè chwa nou e konsa nou dwe sipòte li.”

Se mwens ke 47 pousan Demokrat ki te di yo vle Prezidan Biden kandida pou re-eleksyon, dapre yon sondaj ke ajans nouvèl Associated Press ak NORC Sant Rechèch pou Afè Piblik reyalize. Menm lè sa a, 81 pousan Demokrat te di nan sondaj la ke yo ta “omwen sipòte” Biden nan eleksyon general kont yon advèsè Repibliken.

--

XS
SM
MD
LG