Li te ap fè antrènman ak zam, kote li ap tire kout zam anlè, e youn nan vwazen li yo te mande li pou l sispann tire nan mitan lannwit, e li te fache e fizye 5 vwazen li.
Lè otorite lapolis te rive nan lye ensidan an, yo te jwenn 4 kadav, e kouri avek 4 moun lopital, pami yo yon timoun ki gen 8 an, ki vin mouri apre.
Te gen 10 moun Ondiras nan kay la, e pami yo, lapolis jwenn 2 timoun vivan anba kadav manman yo nan yon chanm.
Zak sila te fèt toupre vil Cleveland, nan anviwon 45 mil nan nò Houston.