Accessibility links

Breaking News

Jack Teixeira Te Sèvi ak Òdinatè Gouvènman an pou Fè Rechèch sou Pil Fiziyad ki Fèt Ozetazini


Jack Douglas Teixeira appears in federal court in Boston
Jack Douglas Teixeira appears in federal court in Boston

Solda Gad Nasyonal Avyasyon Militè Etazini ki anba akizayon pou fwit dokiman militè a gen yon istwa fè menas violan.

Li te sèvi ak òdinatè gouvènman an pou fè rechèch sou tire an mas ki fèt nan peyi a, e li te chache detwi prèv krim li yo, dapre sa avoka federal yo te di mèkredi.

Nan yon dokiman 48 paj, Depatman Jistis di Jack Teixeira ki gen 21 lane, ta dwe rete anba kòd anvan jijman, ke pawòl vyolan li yo mete ak sa ki sanble efò pou detwi prèv krim li yo, fè konsidere li kòm “yon moun danjre, e ki riskan si li moute nan avyon.”

Avoka federal yo pwal prezante jedi apremidi bay yon jij federal nan Worcester, Massachusetts, demann pou kenbe prevni an anba kòd.

Avoka ki ap defann Teixeira yo pa pale sou ka a, e yo ka bay pozisyon yo nan seyans depozisyon ki ap fèt jedi apremidi pou di ke yo pa ta dwe kenbe li nan prizon anvan jijman.

XS
SM
MD
LG