Accessibility links

Breaking News

New York: Yon Mèt Kay Fizye yon Fanm ki Ale nan yon Move Adrès


FILE - Police tape blocks the scene of a fatal shooting in Manhattan, New York, July 9, 2012.
FILE - Police tape blocks the scene of a fatal shooting in Manhattan, New York, July 9, 2012.

HEBRON, N.Y. (AP) — Otorite nan New York di yon dam ki gen 20-lane ki te sou wout pou ale lakay yon zanmi nan nò eta a te ale nan move adrès epi byen vit pwopriyetè kay la tire li.

Sherif nan Washington County, Jeffrey Murphy, di Lendi ke Kevin Monahan, ki gen 65-an, te jwenn arestasyon l sou akizasyon asasinay dezyèm degree nan fiziyad ki te fèt Samdi swa sou viktim nan Kaylin Gillis.

Murphy di Gillis te nan yon machin ak twa lòt moun lè gwoup la te antre pa erè lakay Monahan.

Li di se lè sa a Monahan soti e tire de kout bal.

Gillis te pran katouch epi apre sa, li mouri.

Li pa klè si Monahan gen yon avoka ki ka pale pou li.

XS
SM
MD
LG